9-16 Out 2023—GRENN PWONMENNEN!

9-16 Out 2023—GRENN PWONMENNEN!
Lame etranje pou rezoud pwoblèm gang a sapat se lave men siye atè, si peyi a rete sou kontwòl gang a kravat !

Semèn pase a nou te bay opinyon nou sou sa nou tande k ap prepare pou Ayiti, depi otorite peyi Kenya, nan Lafrik de Lès, te di yo pare pou pran direksyon youn fòs entènasyonal byen djanm pou yo vin ede met lòd ann Ayiti, kote gang prèske fin pran kontwòl Pòtoprens, kapital peyi a, epi ki blayi kò yo nan anpil lòt kote tou. Kounnye a m ap abòde youn lòt pati nan plan pou Ayiti jwenn bonjan sekirite ki ka penmèt peyi a devlope, jan sadwa.

Pou mounn ki te li GRENN PWONMENNEN semèn pase a, avèk lòt ki te li HAPPENINGS, ann angle, yo deja konnen pozisyon m sou kijan mwen mande pou Lame Dayiti (FAd’H) retounen pran plas li, paske Polis pa ka fè travay Lame. Pa sèlman Polis Nasyonal Ayiti a, men se tout Polis ki pa antrene e ekipe pou fè fas a gang ki pi byen ame pase yo e ki gen gwo bwa dèyè bannann yo. Sa byen klè, menm pou avèg.

Epi depi apeprè 20 lane, Nasyon Zini, ki reprezante Kominote Entènasyonal la, lage nan debake ann Ayiti ak youn bann lame etranje, ki pa konn pale lang nou epi ki pa konn kilti peyi a, èske yo arive mete lòd ak lapè nan peyi a, jan yo di sa te pral fèt? Nad marinad! Sitiyasyon an anpire.

Nèspa vrè ke se menm yo menm nan ki te dakò ak Prezidan Jean-Bertrand Aristide (Jan-Bètran Aristid) lè msye te kraze FAd’H, nan mwa janvye 1995? Èske se pa depi lè sa a, menm Aristid la te monte bann ti lame Chimè li yo. M ap raple nou kèk nan non yo pou n pa di se mwen ki envante sa: Lame Bale Wouze, Lame Dòmi Nan Bwa, Lame Wouj, Lame Ti Manchèt, menm Lame Kanibal. Vwala ke jodi a se sou yo, lòt avadra “Bandi Legal” la ak konpè l la ki pa ka met pye Ozetazini ankò te kopye pou yo te met sou pye gang pa yo, apati lane 2011. Enben, jan nou tout konnen, se gang sa yo ki fin anvayi peyi a. Yo kidnape, fè kadejak sou fanm ak ti demwazèl adwat agòch, dechèpiye mounn, pran kòb yo, pran kay yo tou, epi
touye mounn yo deside touye, san ke swa-dizan gouvènman an pa janm di anyen. Tou sa pase anba je lame etranje yo.

Pinga pèsonn di m se pa vre. Pa bliye depi kilè MINUSTHA , nan lane 2004, ki te rantre ann Ayiti pou vin stabilize peyi a. Yo te debake ak 6 700. Ban m eple chif la : Si mil sèt san! Yo pase 13 lane, 5 mwas ap fè stabilizasyon. Yo depanse plis pase 7 milya dola, pa milyon non. Ban m bay chif la ak bann zewo yo: ($7 000 000 000.00). Kisa yo renmèt? Kolera, ki touye plis pase 10 mil (10 000) Ayisyen ak Ayisyèn, ki fè youn bann lòt mounn malad, epi yo kite maladi a dèyè, li pran pye ann Ayiti. Anplis de sa yo kite youn bann ti mounn je vèt, je ble, nan peyi a, san papa. Gen ladan yo ki te fèt se kadejak, menm ak menas revòlvè. Gen lòt, se ti medam yo, ki t aksepte youn 2 ou 3 dola pou kadejak ofisyèl.

Epi nan lane 2017, se MINUJUSTH –mwen pa di MINIJIP non–, ki te pran manyèt la, swadizan li t ap vin pote lajistis Ayiti sekou. Yo pase 2 lane ap touche gwo kòb, menm jan sa te fèt pou tout solda ak chèf MINUSTHA yo, epi yo fèmen bwat la nan Iane 2019. Lajistis vin pi mal toujou. Epi se konsa peyi a vin tonbe, nan lane 2019, sou direksyon BINUH (Bureau Intégré des Nations Unies en Haïti), ki la jouk jodi a. Okontrè, nan mwa jen 2020, anba je Madan Helen Ruth Meagher La Lime, ki te chèf BINUH lè sa a, yo te monte Federasyon Gang nan ak Jimmy Chérizier, ke n konnen sou non Barbecue (Babekyou). Depi byen lontan anvan sa, msye t ap opere avèk gang li an ki rele G9 Anfanmi ak Alye. Se li menm ki te ede

Prezidan Jovenèl Moyiz nan fè masak nan plizyè bidonvil, men se pi gwo masak La Saline nan, nan mwa novanm 2018, ki te fè plis bri, menm aletranje. Nou pa ka bliye gwo konpliman Madan La Lime te fè Prezidan Jovenel Moïse (Jovnèl Moyiz), pou gwo reyalizasyon Federasyon Gang yo. Okontrè, li te menm di li te kòmanse wè youn alemye nan atak gang depi Federasyon an te monte.
Otorite yo nan konfyolo ak gang. Kraze gang a sapat, san manyen gang a kravat, se lave men siye atè!

Alò, nou tout wè poukisa mwen pa dakò ak plizyè pèsonalite, Ayisyen tankou gwo bwa nan Kominote Entènasyonal la, ki konprann ak mil (1 000) polisye ki soti Kenya, pwoblèm gang nan pral rezoud. Antouka, si y ap konsantre sèlman sou gang a sapat, epi pa gen youn pwogram pou manyen gang a kravatyo, nou di se lave men siye atè.

Selon sa nou te li nan diferan analiz nan jounal semèn pase a, sitou nan editoryal franse ak angle yo, gen konfyolo ant gwo mesye otorite lakay yo ak chèf gang yo. Nou te bay sa byen klè. Nou te montre ke gem bonjan kontak ant Premye Minis defakto a, Doktè Ariel Henry (Aryèl Anri), avèk chèf gang yo rele Vitelhomme Innocent (Vitelòom Inosan) an. De mèm ak Direktè Jeneral Polis Nasyonal la (PNH), Frantz Elbé (Frans Èlbe).

Alò, n ap mande èske Kominote Entènasyonal, ki dèyè solisyon Kenya a, pral travay ansanm ansanm ak Doktè Anri epi Direktè Èlbe pou vin dechouke gang ki se asosye yo? Si se sa, n ap tonbe nan menm penpenp lan, paske sa byen klè ke otorite sa yo se youn bann kòwonpi ki mete peyi a nan sitiyasyon malouk li ye a. Dayè, se yo menm ki lakòz ke sèten polisye oblije vin nan Kòkòt ak Figawo avèk gang! Selon youn rapò Fondasyon Je Klere (FJKL) ke n te wè nan Rhinews, jedi pase, 10 out (dawou pou zòt nan Nò), laplipa polisye « pa touche depi 8 mwa». Wi, jan nou tande l la. Selon sa n aprann tou, salè polisye depann de grad yo. Sa k pi ba yo touche 135 dola ameriken pa mwa, rive sou pi gwo chèf yo ki ka touche jiska $466 dola.96. Se mwen menm ki fè kalkil la, baze sou chif mwen wè polisye yo fèt pou touche pou youn lane. Pou pi ba grad yo se 18 400.00 goud, rive sou sa yo ki gen pi gwo grad, jiska 63 600.00 goud pou lane a. Se youn kalkil ki te fèt sou baz echanj 136.20 goud ayisyen pou youn dola
ameriken, nan vandredi pase, dat 4 out la.

Jan nou wè l, nan ti analiz sa a, polisye yo oblije chache fason pou yo viv, paske gouvènman an pa peye yo ti kòb yo a, chak mwa, alèkilfo. Alò, yo menm, yo bay gang pwoteksyon pou yo fè kidnaping, dekwa pou separe kòb la ak yo. Epi se Aryèl Anri ki sanse chèf sa yo rele « Conseil Supérieur de la Police Nationale », kivedi tout gwo desizyon PNH la ap pran, fòk sa diskite avè l nan reyinyon spesyal. Èske kesyon polisye ki pa touche depi 8 mwa yo janm diskite? Epi kisa ki janm deside? Kote lajan polisye yo pase? Èske se nan vwayaje monte desann aletranje Premye Minis la, ki pa kite okenn enfòmasyon soti sou konbyen gwo lo l la monte nan pèdiyèm ase, kivedi milye dola li pran nan kès Leta pou chak jou li pase aletranje?

Men pouki rezon mwen di anyen p ap regle, si gang a kravat yo toujou la. M ap pale de Premye Minis la ak tout ekip li a, ki la depi plis pase 2 lane ke CORE Gwoup la te met msye chita sou fotèy nan Primati a, nan dat 20 jiyè 2021 a. Non, anyen pa ka regle, menm ak youn bann polisye ak militè etranje ki pral sanse sou kontwòl otorite peyi Kenya, men ki pa ka manyen gang a kravat. Fòk netwayaj la byen fèt, pase pran tout gang, pou Ayiti ka pran youn souf. Pinga pèsonn pran nou pou egare!

Pinga Kominote Entènasyonal la konprann li ka twonpe patriyòt Ayisyen, ki wè nan jwèt yo a. Poukisa yo pa ka pran desizyon pou ranplase Doktè Anri, sitou apre sa Premye Minis Kanadyen an, Justin Trudeau, te di semèn pase a. Jan nou te rapòte l, nan youn konferans pou laprès li te bay nan Hamilton, youn ti vil tou kole ak Toronto, Mesye Trudeau te akize gouvènman Aryèl Anri a, « ki pa pran oserye sitiyasyon sekirite ak politik peyi a, malgre tout klas èd Kanada bay Ayiti ».

Epi apre Premye Minis la fin pale konsa, men anbasadè Kanada nan peyi Dayiti, Mesye Sebastien Carière, ki di : « Kanada prèt pou travay ak Kenya ak tout lòt patnè yo pou asire yo ke misyon ki pral ann Ayiti a pou wè kijan pou bagay yo fèt byen pase anvan twoup debake ». Èske misyon sa a yo rele « mission de reconnaissance » pral pran tan pou yo pale epi tande sa patriyòt ayisyen di sou Aryèl Anri ak tout ekip li a? Nou konnen pozisyon tout vrè patriyòt yo : Pa ka gen bonjan chanjman ann Ayiti, si Aryèl Anri pa rache manyòk li, bay tè a blanch. Si sa pa fèt, tout gwo demonstrasyon fòs entènasyonal se pral lave men, siye atè, jan nou wè sa fèt depi prèske 20 lane ke bann twoup etranje sa yo ap debake ann Ayiti.
Sa se twòp atò! M ale.

  • TiRenm/Grenn Pwonmennen, nan raljo31@yahoo.com

cet article publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur (version modifiée), VOL. LIII, No. 28 New York du 9 août 2023 et se trouve en P.3 à : h-o 9 aout 2023

Haïti-Observateur / ISSN: 1043-3783