Lè bab kanmarad ou pran dife, mete pa w alatranp ! pa Gwen Pwomenen

Lè bab kanmarad ou pran dife, mete pa w alatranp ! pa GRENN PWONMENNEN !

Gwo nouvèl ki anvayi tout kote nan lemonn, menm ann Ayiti k ap fabrike move nouvèl san rete, se sa k ap pase nan peyi Ikrèn (Ucraine), jouk lòtbò latè. Prezidan peyi Larisi, Vladimi Poutin (Vladimir Putin) voye plis pase 150 mil (150 000) solda anvayi peyi a ki gen fwontyè kole ak peyi pa l la. Epi se youn gwo anmwey nou tande toupatou: “Non, Poutin, ou pa ta fè sa!” Men gen zòt ki bat bravo pou li, menm si yo pa anpil. Sa fè n reflechi san rete.

Gen mounn ki ka di kote sa regade Ayiti, kòmsi nou pa gen ase pwoblèm lakay nou pou n ap rantre nan koze ki pa gen anyen pou wè ak nou. Pa pale twò vit, paske sa ta ka rive bò lakay nou tou, sitou avèk youn peyi bò kote nou an ki gen plis zam, ki pi rich, epi ki fatige ak jan yo wè sa ap pase ann Ayiti. Epi tou, gen kesyon de enterè, menm sa ki fè Ikrèn enpòtan, richès li gen anba tè. Se sa k fè Ayiti yo di ki pi pòv la, enpòtan tou. Gen lòt peyi ki gen je sou richès anba tè Ayiti pa manke. Mwen menm mwen kwè se pou rezon sa yo ke y ap ede mete Ayiti nan youn sitiyasyon pou yo anvayi epi mete peyi a anba okipasyon pou yo ka vòlò tot iranyòm, eksplwate petwòl ke Ayiti gen agogo anba tè.

An palan de sa, prezidan peyi bò kote n nan tèlman pa renmen sa l wè k ap fèt ann Ayiti a, li pase lòd monte youn gwo miray sou prèske lamwatye fwontyè a, pou kòmanse. Depi dimanch semèn pase anwo, nou te anonse ke travay la deja kòmanse. Pi devan, nou pa konn si l p ap pase lòd al derasinen yo tout lòtbò a, pou l vin alèz nan sa l vle reyalize ansanm ak gwo asosye l yo nan lòt gran peyi. Se poutèt sa, mwen di, pandan dife pran nan bab kanmarad la, se mete pa w alatranp. Paske dife a ka pran nan bab pa w tou. Ann kite sa pou le moman.

Avrèdi, sa k ap pase nan peyi Ikrèn nan se kesyon Blan gwo ponyèt Larisi, ki sanse 2èm ou 3èm pisans nan lemonn, apre Etazini ak Lachin, ki fonse sou youn peyi –nou pa di ti peyi non–, paske Ikrèn pa youn ti peyi. Se Blan parèy yo, men lè se afè enterè k ap defann, gwo chen an konprann li ka fonse sou sa k pi fèb la, flank li kèk kout dan epi fini ak li trap de. Men bagay yo pa fasil konsa.

Envazyon Ikrèn fè pati sa Poutin vle pou l tounen ak Inyon Sovyetik.

Wi, nou di se youn kesyon de enterè, men ki klas enterè konsa? Premyèman, fò m di nou peyi Ikrèn nan gen anpil richès anba tè, tankou iranyòm, manganèz ak youn bann lòt min ke gwo peyi yo bezwen pou devlopman peyi yo. Se youn peyi ki rich tou nan pwodiksyon manje. M ap mande n gade nan Google, osnon nan lòt sit sou entènèt la epi mande sa Ikrèn pwodui. N ap sezi. Dezyèmman, prezidan Larisi a konsidere Ikrèn kòm moso nan peyi l ke yo te pèdi nan lane 1991, apre Ikrèn te vin endepandan. Se lè sa a Larisi te pèdi kontwòl youn bann lòt ti peyi ozanviwon lè l te fè bèkatè kòm gwo pisans. Se lè sa a tou gwo alyans ak plizye peyi ki te fòme Inyon Sovyetik la (Union Soviétique) te vin kraze.

Lè sa a, gwo chèf Larisi a, Mikaèl Gòbachèv (Michael Gorbachev) te oblije bay demisyon l. Apa de Ikrèn ak Belaris, ki te pi gwo pami peyi ki te vin detache yo sou Larisi, gen youn bann lòt peyi pi piti nan zòn nan tou ki te vin endepanan, tankou Ameni, Azèbajann, Jòji (Georgia), Kazkstann, Kijistann, Moldova, Tajikistann,Tikmenistann ak Ouzbekistann, plis pase youn douzèn, youn bann non byen difisil pou pwononse. Antouka, sa m te vle fè nou konprann se kòm si w ta rale youn bann peyi Lamerik Latin ak nan Karayib la anba vant Etazini kòm gwo chèf nan zòn nan. Enben, se konsa bagay yo te ye lè te gen Inyon Sovyetik la.

Men depi kèk tan, Vladimi Poutin, ansyen ajan KGB, sèvis entelijans Larisi a, tantou CIA Ozetazini, vle remete Larisi sou menm pye lè l te Inyon Sovyetik la. Jan l kòmanse ak Ikrèn, ki pi pre l la, nou pa kwè l ap rete la. Byen ke istwa Ikrèn nan youn ti sans pi konplike toujou. Depi kèk lane de sa, peyi sa a ap pwoche kò l pi pre OTAN (Òganizasyon Trete Atlantik Nò), ki te fòme ak peyi Ewòp Lwès yo, tankou Lalmay, Lafrans, Angletè, elatriye, ki fòme youn gwo blòk ak Etazini pou te balanse pisans Inyon Sovyetik la, e ki toujou la pirèd. Bagay yo te vin rive nan youn pwen kote Ikrèn te pral vin manm OTAN. Epi Poutin di se swa jamè. Men sa k fè msye di l ap rezoud kesyon an lafason pa l. Se konsa, li fonse sou Ikrèn, li konprann li pral fè youn dap piyan sou peyi a, ki rich anpil, kòm mwen deja eksplike, menm jan ak Ayiti. Poutin di li pa ka kite Etazini ak tout peyi Lewòp zanmi l yo vin chita la sou fwontyè bò lakay li a.

Men èske kout gwo ponyèt sa a pral ka kenbe? Kòm mwen di nou, msye p ap satisfè sèlman ak Ikrèn. Si sa pase ak Ikrèn jan l vle a, asireman l ap vanse pou pi devan. Men pouki rezon tout peyi ki alye Etazini yo, e menm lòt ki pa nesesèman danse kole ak Tonton Sanm, men ki wè kout gwo ponyèt Poutin nan kòm youn danje entènasyonal, leve kanpe tou, yo di fòk yo fè msye peye gwo dezòd sa a byen chè.

Poutin ap pran gwo sabò pou sa l ap fè a

Depi nan mèkredi semèn pase a, se youn sanksyon sou lòt Etazini ak gwo peyi Lewòp yo ap pran kont peyi Larisi, kont Poutin pèsonèlman avèk minis Afè Etranjè l la, Sergey Lavrov. Premyèman, se sitou gwo tranzaksyon bank yo konn fè aletranje ki bloke. Se pa yo 2 a sèlman, paske gen lòt gwo otorite Ris ki pral pran menm kout baton an. Epi kou a kòmanse fè mal, paske gwo bacha, milyadè Ris yo, sa yo rele «Oligarchs» yo, gentan ap rele anmwey. Yo di fòk Poutin fè atansyon pou l pa met peyi a sou bounda. Fò n konprann ke anpil nan gwo bacha sa yo gen anpil pwopriyete, tankou gwo lotèl byen chè ak lòt gwo biznis nan plizyè peyi andeyò Larisi, menm Ozetazini, sitou an Florid. Epi, men toudenkou, 2 pye yo nan youn sèl grenn soulye.

Jouk kibò sa pral rive, nou pa konnen. Men gen youn pawòl franse ki di : « L’argent est le nerf de la guerre ». Kivedi san lajan, lagè a p ap ka kontinye, jan prezidan Poutin ta vle a. Paske sanksyon yo make san. Si yo koupe anpil nan sous lajan otorite ak gwo bacha Ris yo aletranje, sa pral vin byen difisil pou Vladimi Poutin reyalize tout gwo rèv k ap bouyi nan tèt li. Kesyon de youn nouvo Inyon Sovyetik la p ap osi fasil.

Antretan, jouk nan fen semèn nan, envazyon Ikrèn nan pa avanse jan lidè Ris la te atann. Twoup yo te sanse deja an kontwòl Kyèv, kapital peyi a. Men yo jwenn anpil rezistans. Selon sa n te wè nan televizyon, prezidan Ikrèn nan, Volodymyr Zelensky, te nan lari, zam alamen ap mande pèp la pa pou l pa bay legen. Se rezistans nèt al kole! Menm youn ansyen prezidan Ikrèn, Petro Poroshenko, te pran lari tou, li mande pou pèp la pran zam yo pou defann peyi a. Nan entèvyou li te bay CNN, li di li pare pou l mouri pou peyi l, men yo pa ka aksepte okipasyon Larisi.

Prezidan Zelensky bay Ris yo youn gwo kou avèk deklarasyon li fè sou kijan solda Ris atake « kindègatenn”, (jardins d’enfants), lekòl pou ti mounn ki panko menm rantre nan lekòl primè. Se youn bann kriminèl k ap touye menm ti bebe. Epi nou te wè anbasadè Ikrèn nan Wachintonn nan, Oksana Markarova, jedi pase ki t ap di, gen youn gwoup solda Ris ki rann tèt yo bay militè Ikrenyen yo. Yo di yo « pa t konnen yo te mennen yo nan peyi Ikrèn pou vin touye Ikrenyen ». Anbasadè a mande tout peyi ki kwè nan libète vin pote sekou bay peyi Ikrèn k ap batay san rete pou l rete youn peyi lib.

Se youn move siyal pou prezidan Poutin lè gwo manifestasyon ap fèt nan plizyè vil nan peyi Larisi kont sa yo rele « lagè Poutin nan ». Jedi pase, rapò laprès te bay plis pase mil ui san (1 800) moun pami dè milye ki t ap manifeste ke lapolis arete nan plizyè vil nan peyi a. E se pa nenpòt mounn layk dis layk dat,

se pwofesyonèl tankou jounalis, mounn ki nan biznis, atis, elatriye, ki riske lavi yo ak pwofesyon yo pou yo manifeste kont sa Poutin ap fè a. Jan sa ye la a, prezidan-diktatè a ap oblije batay sou 2 fwon : Nan Ikrèn epi lakay li, an Risi menm. Sa pa bèl.

Fòk ipokrizi gen limit, tout ansasen se ansasen

Men sa k pi frape m se lè m wè kijan plizyè Ayisyen ap pran sa k ap pase nan Ikrèn nan pou jwèt. Yo mete sou entènèt la, sitou sou WhatsApp, ke Premye Minis Ariel Henry (Aryèl Anri) mande pou tout Ayisyen pran pozisyon kont Poutin. Li deklare sanksyon pa l kont Poutin ak otorite Ris yo : « Fòk Ayisyen sispann manje ‘Salad Ris’ ».

Men gen youn lòt gwoup ki kanpe menm kote ak Jean Fils-Aimé, PhD., Doktè an Filozofi, ki lage youn analiz sou entènèt la ki gen kòm tit : « Agression russe en Ukraine : Qui agresse Qui? Une lecture afrocentriste ». Alapapòt, li di li anfavè Pèp Ikrèn nan, ki fèt pou « viv nan lapè, menm jan ak tout pèp ». Se poutèt sa, li swete pou kesyon an regle « byen vit e youn fason definitif » anfavè Pèp Ikranyen an ».

Apre sa li rantre nan youn bann detay pou denonse « ipokrizi ak lachte » peyi nan Lwès yo, tankou Etazini, nan ajisman yo avèk lòt peyi nan zòn sou infliyans yo, tankou sa Ameriken yo fè nan Lamerik la. Nèspavrè ke kavèk « Doctrine Monroe » yo a, Ameriken konprann tout rès Lamerik la se lakou lakay yo. Pinga okenn lòt peyi sot nenpòt kibò vin touche zòn nan. Epi li bay egzanp sa k te pase lè Fidel Castro te reyalize revolisyon Kiba a nan lane 1959. Li pase pran Lafrans tou ak Langletè mete yo nan menm panyen ak Etazini pou sa yo fè ann Afrik ak nan Mwayen Oryan. Anfen, li dezabiye yo byen dezabiye nan lafason yo te fè envazyon sou envazyon, touye plizyè chèf peyi ki pa t dakò ak yo.

Li fache fopaplis kont dirijan peyi sa yo k ap rele anmwey devan sa Poutin fè a. Epi l pase pran youn bann jounalis k ap repete sa anbasad gwo peyi bò isit ba yo ekri –kont Poutin natirèlman. Li pa gen respè pou yo. Lè l wè yo parèt nan televizyon, la tou li fèmen televizyon a, epi li di yo « Ale nou lanmèd, bann ipokrit ke nou ye !» Epi li rele: « Vive Poutine! »

Mezanmi, jan pawòl franse a di, « Rendez-moi fou ou sage! » Apa Doktè Jean Fils-Aimé se youn kouto fanmasi! Menm si Poutin ap fè menm bagay ak sa lòt bann ipokrit yo fè, tankou ansasen Ameriken, Franse, Angle, elatriye konn fè, se Bravo Poutin!

Antouka, msye pa pou kò l nan pozisyon li pran an. Imajine nou ke ansyen prezidan Donal Twonp (Donald Trump) fè lwanj Poutin tou, li di msye “Se youn jeni !» Li dakò avè l. Nou wè l nan televizyon k ap di, kanta pou Poutin, « msye entelijan » (‘smart’), men lidè nou se youn bann enbesil ». Anpil Repibliken, k ap mache dèyè prezidan kou deta rate 6 janvye 2021 an, bat bravo pou li. Epi otorite Ris yo fè pase mesaj la sou televizyon yo, sitou sou chèn RT a, opravan Russia Today, youn sòt de CNN Ris, osnon youn BBC Lond, VOA nan Wachintonn, elatriye. Vrèman, « c’est à ne rien comprendre », jan yo di an franse.

Si pa gen bonjan egzanp ki trase sou sa k ap pase nan peyi Ikrèn kounnye a, pou mete Vladimi Poutin ak tout ekip li a nan plas kote yo merite a, nou mèt di lago lage! Enben, nou wè pouki sa mwen di se mete bab nou alatranp! Gen lòt ki pral fè menm bagay la. Eskize m si m gentan wè byen lwen konsa! Padon, si nou kwè mwen gen bouch kabrit!

Ti Renm/Grenn Pwonmennen, nan raljo31@yahoo.com


 

ati sa a se youn piblikasyon jounal Haiti-Observateur, edisyon 2 màs 2022 nimewo…